Ce document contient le Symbole de Nicée-Constantinople (325, 381) en créole haïtien parlé en Haïti, au Canada et aux États-Unis.

2 pages.

Le Symbole de Nicée en créole haïtien Kredo Nise a

Nou kwè nan yon sèl Bondye,
Se Papa a, li gen tout pouvwa.
Li kreye syèl la ak tè a.
Li fè tout sa nou wè ak tout sa nou pa wè.

Nou kwè nan yon sèl Granmèt,
Se Jezikri, sèl Pitit Bondye a.
Li se Pitit Papa a depi anvan tout tan.
Li se Bondye ki sòti nan Bondye a,
Limyè ki sòti nan limyè a,
Bondye tout bon vre ki sòti nan Bondye tout bon vre a.
Li se Pitit Papa a, men se pa kreye Bondye te kreye li.
Li se menm Bondye ak Papa a.
Se pa pouvwa li tout bagay fèt.
Se pou tout moun, se pou l vin sove nou
Li desann sòt nan syèl la:
Se pa pouvwa Lespri Sen an
Kò li vin fèt nan vant Mari ki vyèj
Epi li tounen yon moun.
Se poutèt nou toujou yo kloure li sou yon kwa;
Li soufri sou reny Pons Pilat
Epi yo antere li.
Sou twa jou li leve, jan sa te ekri a;
Li monte nan syèl
Epi li chita sou bò dwat Papa a.
Li gen pou l tounen ankò avèk tout pouvwa li
Pou l jije ni moun k ap viv ni moun ki mouri,
Epi gouvènman l pap janm fini.

Nou kwè nan Lespri Sen an; li se Granmèt epi li bay lavi.
Li se Lespri Papa a ansanm ak Pitit la.
Yo adore l ansanm ak Papa a ansanm ak Pitit la,
Epi li jwenn menm lwanj avèk yo.
Se li ki t ap pale lè Pwofèt yo t ap pale.
Nou kwè nan yon sèl Legliz ki fè yon sèl kòt fanmi.
Li sen; li la pou tout moun; se sou Apòt yo li bati.
Nou rekonèt gen yon sèl Batèm pou padonnen peche.
N ap tann lè tout mò yo va leve.
N ap tann lavi ki pap janm fini an. Amèn.